Ou kapab se yon ayisyen, ou ap viv Brezil, epi ou renmen prezidan an. Se nòmal!

Ou kapab jwenn vèsyon orijnal atik la nan lang pòtigè nan lenk sa a.

 

haitiano

Aysiyen sa fè fas kare ak prezidan Bolsonaro nan yon rankont li genyen avèk patizan li yo

“Bolsonaro se fini (…) Ou pa prezidan ankò, ou dwe demisyone”. Nan distans yon mèt, se tout pawòl piman bouk sa yo, yon ayisyen pwononse bay prezidan Repiblik la, ki se Jair Bolsonaro. Apre kèk jou, prezidan an te patisipe nan yon manisfestasyon ki te an favè pouvwa li a. Selon yon videyo ki disponib sou Youtube, ayisyen sa rele Mackenson, li gen twa (3) zan depi li nan Brezil.

Se nan menm kòmansaman maladi Nouvo Kowona Viris la t´ap fè ravaj epi patizan pouvwa a te desite pran lari pou yo te ale manifeste, yo te dezobeyi règ otorite sanitè yo. Enpilsyon an? Prezidan Jair Bolsonaro te ankouraje yo pran lari a.

Sa ayisyen an te vle di egzateman Prezidan Repiblik la, ke li vin kontamine popilasyon an. Nan repons ke prezidan an pa te espere li, li di ayisyen an: “Retounen nan peyi ou”.

Aprè ensidan sa, kèlkeswa deklarasyon prezidan an fè li gen efè imedyat nan opinion piblik, menm si gen latwoublay nan kesyon syantifik. kòmkwa ka sa pa te diferan. Genyen menm ayisyen ki apiye pouvwa a, epi sigjere pou yo depòte ayisyen an ki te manke prezidan Bolsonaroan dega a.

haitiano 2

“Gwoup imigran ayisyen sa yo se fanatik PT, si nou pa renmen gouvènman Bolsonaro a. Retounen lakay nou!”

 

Captura de Tela 2020-03-27 às 13.31.07

Kòmantè 1.
Poukisa nou pa ale Ozetazini pou nou di Donald Trump sa? Nou ta dwe remèsye Brezil paske li kite nou antre nan peyi a. Bann engra retounen an Ayiti!
Kòmantè 2.
Ey madmwazèl pa pale betiz, se pa tout ayisyen ki engra, epi mwen pa dakò ak sa enbesil la fè a. Li kapap se yon moun fou, ki pa konn sa l´ap di a, se yon moun ki te gen bon sans, li pa t´ap di pawòl sa yo pou li te pwovoke prezidan an. Pa gen pyès ayisyen ki apiye misye. Si se te pou mwen, yo te mèt depòte li, men kòmantè sa yo pa gen anyen pou wè ak sa ki pase a. Nan misyon fòs ONU an Ayiti, te gen yon sòlda Brezilyen ki te vyole yon timoun 11 zan, men popilasyon an pa te akize popilasyon brezilyèn lan pou ka sa a. Epi mwen p´ap pale pou bann engra sa yo paske nou pa la pou nou mande charite. Nou dwe mande gouvènman brezilyen an èd, men nou pa dwe pè travay menmsi yo pa ba nou valè nan Brezil, pa janm pèdi lafwa menmsi nou se imigran pòv, men genyen ayisyen ki gen karaktè.

Li pakab konsa. Yon peyi pa tankou yon kay fanmi kote envite nan swiv woutin ak pratik pwopriyetè li yo. Nan yon peyi, chaj sa pa egziste depi sou Prezidan Repiblik jiskaske  rive sou nenpòt lòt sitwayen natif oubyen etranje, dwa yo se menm nan teyori. Petèt li kapab kontrè: Chèf Leta peyi a gen obligasyon pou li trete sitwayen li yo tankou moun. 

Prezidan an pa gen dwa pou li pase journalist nan rizib, pou li fè yon komedyen pran plas li a pou reponn kesyon sou enterè piblik peyi a. Men komedyen an kapab pase prezidan nan rizib pandan kanaval nan yon pwogram komik oubyen nan kanaval Sapucai (Rio de Janeiro). Chak moun dwe rete nan nivo fonksyon yo. Yon moun kap fè moun ri pakab ap dirije yon pèp. Nan kontéks sa, nou tout bezwen manifeste mekontantman nou fas ak sitiyasyon sa a pou nou rele ABA prezidan an.

Anpil ayisyen nan Brezil apiye Bolsonaro sou rezo sosyo yo, epi se pa ki prensipal pwoblèm lan. Yo asosye imaj prezidan an kòm yon peyi ki byen resevwa yo, sepandan ansyen depite Bolsonaro te kont nouvèl Lwa Imigrasyon (13.445/2017), ki te elabowe sou gouvènman pati prezidan Dilma a, ki te pibliye sou prezidan enterimè a Michel Temer. De tout fason, se dwa chak moun pou renmen oubyen pa renmen yon bagay. Se sa ki fè nou resezi afimasyon an ki nwi sa ki pou chanje yo. Menm pa ki lan yo avèk efè enpafè yo, demokrasi nou an pèmèt kèlkeswa moun manifeste epi kritike, enkli sitwayen etranje yo tou.

Lé yon moun mande ou vini, epi lòt la mande pou  kite peyi a pou diskòdans opinyon. Se egzèsis sa lèd se yon fóm diskriminasyon ke etranje an kapab sibi. Kite yon lye kote yon moun pakap viv avèk respè apèn sou tèritwa fizik peyi a, men se yon desepsyon sou tout lanmou moun lan genyen nan li. Daprè gran sosyològ Abdelmalek Sayad sou prensip sou sitwayènte nan dezesperans imigrasyon  epi kont diferans yo.

Diskriminasyon sou kèlke ayisyen montre nou chemen an long. Pa gen diferans sosyokiltirèl ant Sid ak Nò global, epi edikasyon se yon règ enpòtan. Nou p´ap bliye enpòtans fraz Paulo Freire sa a: “Lè Edikasyon pa yon libète, rèv moun majinalize yo tounen opresè”.

Se pa sèlman ayisyen yo, sepandan kèlkeswa moun ki abite sou tèritwa peyi a, yo bezwen konn kisa ki genyen nan dwa konstitisyonèl kritik yo, epi se egzat. Li ka kont prezidan an epi jiskaske li kont peyi a kote li rezide a. Se yon dwa. Prèv reyèl, nou kapab ogmante dwa sa yo pou pèmèt patisipasyon etranje yo nan zafè politik tankou lè gen eleksyon pou yo kapab vote. Si nou vle dwa zimen yo swa reyèlman “inivisèl”, nou bezwen pran vi nou avèk kè nan kominote nou ye a, epi sa ap enkli tout moun ki pile planèt sa a.

Otávio Avila, editè sit Estrangeiro.org, manb gwoup Diaspotics/Inivèsite Federal Rio de Janeiro.

Rei Seely, powèt, pwofesè; refijye ayisyen abite nan Brezil depi 2013. Fòme nan Lèt, Filozofi, Anviwònman, Jesyon Piblik, Dwa moun ak Politik Piblik.



Categorias:análises, em pauta, imigrantes, opinião

Tags:, , , , , ,

%d blogueiros gostam disto: